Site soley

Site Solèy se yon komin ki twouve li nan kot Nòdwès vil Pòtoprens, ki se kapital Ayiti. Yo konnen li kòm bidonvil ki pi laj an Ayiti. Site Solèy te pase yon move moman ki pat janm fini ak vyolans politik ak vyolans kout zam gang te konn ap tire. Sa ki te fè gen moun ki t’ap mete li sou kote nan sosyete a, ni nan zafè ekonomik tou. Tout sa yo te bay yon lòt fòm vyolans ki ta pral vin pi rèd toujou. Estigmatizasyon sa yo te mete sou do Site Solèy la te vle di yon pakèt bagay, li pat sèlman ranfòse koze mete nou byen lwen nan sosyete a, men tou li antre anndan tèt anpil lòt jenn ki ta pral vin konprann sosyete sa pat espere anyen de yo selman moun ki ta pral grandi pou vin tounen kriminèl nan vi yo.
Tandiske pi fò moun ki ap viv nan Site Solèy se yon bann moun òdinè ki ap eseye mennen yon vi onèt pou yo menm ak fanmi yo. Site Solèy plen ak jenn ki gen yon pakèt talan ak potansyèl epi ki gen rèv pou yon demen miyò. Pandan sis dènye lane ki sot pase yo, gen yon mouvman sosyal ki rele Konbit Solèy Leve ki bay tèt li pou misyon chache idantifye, ranfòse et pase gwo trè anba tout sa ki pozitif nan Site Solèy, epi li ap travay pou chanje imaj mond lan genyen sou kominote sa. Sa fè plis pase yon lane edmi depi tout gwo tonton gwoup ame yo deside depoze zam nan Site Solèy kounya. Sa ki fè genyen yon peryòd lapè san parèy ki pat janm egziste avan sa e se sou li kominote a vle konstwi tèt li.

Photo by Felipe Jacome