top of page

Donatè Enstitisyonèl, atistik ak an nati yo:

Gen enstitisyon ki kontribye nan bay don an anti ki ap difisil pou ou ta wè la :

  • Meri Site Solèy ak Depite Pierre Lemaire ki te bay teren pou konstriksyon bibliyotèk la

  • Geotechsol ki bay etid evalyasyon teren an gratis

  • Jennifer Andou, yon achitèk ki leve nan Site solèy, bay plan achitekti a gratis

  • Fast Building Company angaje li pou li kosntrwi bibliyotèk la san lajan

  • HASCO bay yon kontenè pou rann prosesis konstriksyon an pi fasil

  • Alexandra’s Playground pral bay yon je jwèt konplè pou lakou rekreyasyon an

  • 25on ap bay dekorasyon pou tout rout ki nan antouraj prochen bibliyotèk la

  • Access Haïti pwomèt pou li bay entènèt gratis pou bibliyotèk la

  • Association des Bibliothécaires, Documentalistes, et Archivistes d’Haïti and BIBLIOTHECOM pral bay fòmasyon gratis pou tout moun ki pral jere bibliyotèk la

  • Vizibilite 3.0  bay sèvis dizay grafik ak sit web gratis

  • Digicel bay mwayen pou moun ki lòt bò dlo yo voye lajan a pati telefòn yo san yo pa bezwen peye sen kòb

  • E-Power bay opalè pou aktivite leve de fon yo, epi bay yon gwo tonton kontribisyon nan zafè konstriksyon kloti bibliyotèk la

Gen atis te kontribye avèk talan yo nan fè pwopaje pawòl inisyativ sa :

  • Kako

  • Gardy Girault

  • Mikaben

  • Freedom

  • BIC

  • Princess Eud

  • Gueldy Rene

  • Belabre Sage

  • Brigade07

  • DaddyFresh

  • Ak anpil lòt atis ki soti nan Site Solèy

bottom of page