Kote lide sa soti?

Nan koumansman lane 2017 la, yon gwoup atis ak entelektyèl ki rele FACHAITI nan Site Solèy, deside li te enpòtan pou yo ta konstwi yon bibliyotèk nan Site Solèy. Pandan plis pase yon dizèn lane, te gen anpil envestisman ki te fèt nan konstriksyon espas pou jenn, men espas sa yo se te plis pou espò ; men jenn nan FACHAITI yo te vle genyen espas kote jenn ekolye yo kapa reyini, fè rechèch, fè lekti, ekri epi diskite sou konesans liv. Yo te idantifye yon ti kay an beton nan zòn Waf Site Solèy la, kote yo te bezwen kèk dizèn dola ameriken pou achte li aprè sa pou fè l tounen yon bibliyotèk kominotè.
Jenn FACHAITI yo te pataje lide sa ak Konbit Solèy Leve ki te konseye yo tan pou yo ta ekri yon pwojè bay yon bayè de fon, pito yo ta koumanse chache sipò nan kominote yo a avan. Yo ta dwe bay lòt moun òdinè ki nan Site Solèy chans pou yo ta premye moun ki ap finanse gwo rèv sa epi patisipe nan reyalizasyon li. Konsa Konbit Solèy Leve ak jenn nan gwoup sa te koumanse mache kay an kay ak yon afich pou mande kontribisyon moun yo.
Nan sousi pou tout bagay parèt klè kon dlo kòk, moun ki bay kòb yo dwe fè yon foto epi dakò pou li pibliye sou facebook avèk etikèt ki afiche #KonbitBibliyotèk. Nou konte lajan nou ramase yo chak dimanch nan lokal Radyo Boukman kote nou toujou kontan wè tout moun ki ta renmen vin obsève pwosesi sa. Chak nou fin fè kontaj semenn nan, nou pibliye yon rapò sou pwogrè yo sou rezo sosyal yo.
Kanpay la pran tout kote pou li. Moun nan Site Solèy koumanse fè don pa yo, aprè sa moun Pòtoprens antre na jwèt la, tout Ayiti pran, e pou fini tout mond lan angaje yo ladan l. Elèv lekòl yo bay kòb manje yo pandan lekòl yo, enkoni ki tande pale de pwojè a nan transpò piblik mande pou yo kotribye tou, sila yo ki aletranje ap voye lajan pa Western Union pou sipòte.
Depi lè sa, lide a vin pran yon lòt echèl. Moun Site Solèy telman kontribye jiska se ke yo pa rive kontante yo ak yon senp lide yon ti chanm kay an beton sou waf Solèy la ankò, kounya yo vle pito yon pi gwo kay modèn ki k’ap aksesib a tout moun. Konsa kominote a ak otorite lokal yo te chwazi pi bon pozisyon an ki se : Plas Fyète a, pi gran plas piblik ki genyen nan kè Site Solèy la.
Kilès sila yo ki nan nannan kanpay sa a yo ye menm?
Se yon ti gwoup lame ki plen volontè ladann ki ap mennen kanpay de baz sa; men se yon gwoup de 13 fondatè ki genyen jenn volontè ki soti nan tout zòn nan Site Solèy ki ap jere direksyon pwojè sa.Soleil:
