Ki pwensip nou

-
TRANSPARANS : tout don yo, ke li se lajan, liv oubyen an nati, dwe fèt an piblik, Sa ta vle di nou ap pran yon foto moun oubyen enstitisyon ki fè don an epi pibliye li sou rezo sosyal yo, yon fason pou tout moun ka konnen kote don yo sòti (gade egzanp rapò ki adwat la). Nou pap aksepte okenn don ki a gen non moun nan avè li. Chak semenn nan Radyo Boukman nou konte lajan yo an piblik, epi gen yon rapò sou tout don yo ki pibliye sou Facebook [konekte ou sou paj Facebook KBSS la]. Kòm kounya Faz 1 travay konstriksyon yo koumanse, nou pibliye yon rapò chak semenn sou tout depans yo ak foto resi yo epi kontra yo sou blòg sa [mete lyen lis depans yo]. Nou ap eseye tabli yon nouvo estanda transparans pou pwojè devlopman Ayiti yo.
-
KONBIT: Inisyativ sila fèt nan lespri konbit, ak kontribisyon tout moun nan sa yo kapab, pandan nan lespri nou nou konnen patisipasyon an pi enpòtan pase kalte ak lajè kontribisyon an li menm. Nou bay yon timoun ki ofri 5 goud menm valè ak yon bisniz ki ofri 50,000 goud ; nou bay yon etidyan ki fè kado yon liv menm valè ak yon òganizasyon ki ofri 100 liv ; nou bay yon atis ki kontribye ak vwa li nan yon chante menm valè ak yon estasyon radyo ki ofri ond li pou fè pwopaje mesaj la. Gen yon lè, gen youn nan volontè yo ki soti depi Pòtoprens jouk rive Okay (ki se yon trajè ki pran uitèd tan pou ale pou tounen) pou li te ka ale pran yon goud lesko nan men yon jenn ti gason te vle fè kado li.
-
Nou envite, nou pa mande: Moun ki pran inisyativ Konbit Bibliyotèk yo pa mande okenn moun lajan fòmèlman, ni yo pa ekri yon pwojè ofisyèl pou mande finansman. Sèl sa nou fè se rakonte istwa nou epi envite moun yo vin patisipe ladan l. Se yon diferans ki mande anpil bagay men li enpòtan : nou pa mande pou moun bay paske li ka gen pitye pou Site Solèy ; nou rete kwè pwojè nou an ap reyisi kanmenm, nou pa enkyete nou sou konbyen tan sa ap pran, kit li se nan yon lane ou byen dis lane ; epi nou ofri moun yo yon opòtinite pou yo fè pati yon bagay ki enkwayab, plen ak inovasyon epi enspirasyon. Donatè nou yo, nan patisisyon yo nan aktivite sa, kapab gen menm kantite benefis ak moun nan kominote nou an. Nou konnen li kapab difisil pou kèk enstitisyon kontribye ladan l san pa genyen yon aplikasyon ak yon pwosesis fòmèl, men se yon eksperyans nan nouvo tip patenarya kominotè ; epi nou espere jwenn fason pou kolabore nan kreyativite, kominikasyon ak transparans.


Pwojè #KonbitBibliyotèk la espesyal nan plizyè fason paske li atache li ak yon ansanm prensip san parèy :
