top of page

Vizyon an

Vizyon pwojè sa se pa sèlman konstwi yon bibliyotèk nan Site Solèy, men se konstwi yon bibliyotèk premye klas, ki modèn epi ak yon sant ki ap bay sèvis kominotè. Gen kèk moun ki ezite sou plan pwojè sa e menm di bagay sa parèt twò bèl, l’ap koute twòp lajan. Men sila yo ki pran inisyativ  Konbit Bibliyotèk Site Solèy la eseye reveye konsepsyon yo epi pou mande tèt yo : « Pouki sa jenn nan site Solèy yo pa ta merite yon amenajman espas de premye klas tou ?». Aprè plis pase dizan yo konn ap trete moun Site Solèy tankou sitwayen nan dezyèm klas, pwojè sa vini pou leve eskanp sa pou di moun Site Solèy kapab espere epi kwè vrèman nan sa yo merite. Pwojè sa li ka pran tan pou li akonpli, men nou pa pral boukante opinyon nou sou bagay jenn sila yo merite vrèman.

Lè bibliyotèk la ak sant kominotè a fin fèt, yo ap gen espas ak sèvis sa yo n’ap site la:

  • Yon bibliyotèk, ki ap gen yon seksyon pou timoun ki pral anime klèb liv, deba ak sesyon fòmasyon moun

  • Yon sant enfòmatik, ki ap gen òdinatè, kote yo pral anseye kou enfòmatik, ofri aksè entènèt ak opòtinite pou aprann an liy.

  • Yon oditoryòm, ki pral kapab resevwa evennman kiltirèl, konferans ak rankont kominotè

  • Yon lakou rekreyasyon pou timoun ak jenn

  • Ak lòt amenajman ki pral sipòte operasyon sa yo, tankou twalèt, yon kafeterya ak yon espas biwo pou administratè yo.

Se Jennifer Andou Charles, yon timoun ki fèt nan Site Solèy ki desine bibliyotèk sa. Sa yo se plan pou konplèks bibliotèk la :

bottom of page