Pouki se yon bibliyotèk ?


Youn nan priyorite ki pi presan kominote sa yo genyen se ledikasyon. Site Solèy se yon jenn komin ; genyen pase yon dizèn milye timoun ki gen laj pou ale lekòl ki dwe fè fas ak gwo pwoblèm pou yo ka bay tèt yo moso ledikasyon sa. Anndan Site Solèy, paran timoun sa yo ap batay anpil pou peye kòb lekòl pou yo, men lè gwo sèn vyolans deklanche anndan, sa fè ni timoun yo ni pwofesè yo paka mete pye yo nan lekòl yo. Si yon timoun rive ale nan yon lekòl ki deyò Site Solèy, gen gwo estigmatizasyon ki ap swiv yo tou senpleman paske yo soti nan Site Solèy. Si Site solèy vle kraze sik vyolans sa yo ak tout istwa mete yo sou kote nan sosyete a, li dwe envesti li nan kreye espas ki sen pou jenn yo k’ap aprann pa selman nan li liv, men tou anba bouch lòt jenn ki pi gran pase yo, pou yo ka konnen kisa sa vle di epi egzije pou yo vin yon sitwayen responsab. Genyen plis pase yon douzèn inisyativ nan tout Site Solèy ki gen pou objektif kreye espas sa yo epi bay sèvis sa yo, men sa pa t’ap ase. Si pa gen plis envestisman nan ledikasyon pou timoun yo nan Site Solèy, lavni Site Solèy pap ka briye. Men paske kominote a telman fè lediksasyon vin tounen priyorite li, ti envestisman yo kapab ale ansanm ak etablisman yon fondasyon ki pral bay yon demen miyò epi briye nan Site Solèy.
Yon bibilyotèk nan Site Solèy gen de valè, yon valè pratik epi youn senbolik. Li pa sèlman bay yon espas pou ankouraje aprantisaj, rechèch ak kwasans moun; men li se yon deklarasyon ki di Ayiti kwè nan lavni jenès Site Solèy la epi vle envesti nan yo.